FamilyLinks.icrc.org
Link1 |  Link2 |  Link3
ICRC home > FamilyLinks
  Print this page
12-04-2010    
Tranblemenntè nan peyi Ayiti – 2010
Pou moun kap cheche fanmi yo akòz tranblemenntè nan peyi Ayiti.



Depi tranblemanntè 12 janvye 2010 la, gen yon pakèt moun nan peyi Dayiti ak nan lòt peyi ki pa gen nouvèl fanmi yo.

Sit entènèt ''Family Links'' la pou fè moun ki separe oubyen ki pa gen kontak ak fanmi yo akòz tranblemanntè a rive rekonekte youn ak lòt.

Se CICR sèlman ki jere sit sa nan tèt kole ak Kwa Wouj Ayisyèn ak tout Sosyete Nasyonal Kwa Wouj ak Kwasan Wouj ki sou latè.

Sit entènèt sa pèmèt ak tout moun ki rive viv aprè tranblemanntè a pibye non yo, adrès yo ak tout nimewo moun ka jwenn yo.Sit sa tou bay posibilite a tout moun kit li an Ayiti kit li nan peyi etranje piblye non moun ki nan fanmi yo yo bezwen jwenn.

Toujou ale sou sit entènèt sa paske moun wap chèche a ka anregistre tèt li deja san ou pa konnen oubyen li ka pran yon titan toupiti pou li fè sa.

Se sèlman moun CICR ki ka modifye savledi chanje enfòmasyon ki piblye sou sit entènèt sa.Si ou vle modifye yon enfòmasyon oubyen efase on non ou te piblye, wap gen pou voye yon ak chanjman ou bezwen fè a, non ou ak rezon ki eksplike chanjman sa.

Si ou poko jwenn fanmi paw la, retounen ankò sou sit la paske chak jou gen moun kap vinn enskri tèt yo.

Denye nouvèl jiska 31.03.2010
Depi le 19 janvye:
5,023 apèl nan telefòn fèt depi nan peyi Dayiti
Nou anregistre 6,562 moun ki rive vive, nou mete non moun sa yo sou sit entènèt "Family Links"
Nou anregistre 29,378 ki disparète selon sa pwòch yo di nou nou mete non moun sa yo sou sit "Family Links"

"Mezanmi koute ! Men yon mesaj enpòtan Komite Entènasyonal Lakwa Wouj !" MP3 download, 1.1 Mb, durée 1 min 06 sec - Audio en kreyol



Enpòtan
Sèvis sa gratis.

Nap diw pou fè anpil atansyon paske gen yon latriye mesaj koken yap voye sou entènèt ki konsène moun yap chèche an Ayiti.
Si gen moun ou pa konnen ki mande w lajan pou chèche moun pou ou.Pa neglije kontakte nou nan adrès email sa :


CICR pa kapab verifye enfòmasyon ke nenpòt moun ta piblye sou sit. Yo pa responsab enfòmasyon sou sit la ki pa kòrèk.

Enfòmasyon ki sou sit entènèt sa pa konfidansyèl sa vle di nenpòt moun sou tè a ka wèl. Mèsi paske ou pa piblye enfòmasyon sou ou ak sou moun wap chèche ki kapab lage swa ou menm swa moun wap chèche a nan traka.

CICR pa ka responsab pwoblèm oubyen traka ki ta vini akòz enfòmasyon ou ta piblye sou sit sa.


Sit web FamilyLinks pou viktim tranblemenntè nan peyi Ayiti ak fanmi yo:
Sèvis
 Cheche fanmi paw


Paj sa nan:
Si bezwen plis enfomasyon:
Delegasyon CICR

Sosyete Nasyonal Kwa-Wouj ak Kwasan-Wouj


Men yon lòt sit entènèt:
Ou ka chèche fanmi w sou sit entènèt CNN nan tou


go to top of page
Copyright © 2010  International Committee of the Red Cross12-04-2010